Kreyòl ayisyen (Haitian-Creole)

Kreyòl ayisyen (Haitian-Creole)

Aksè nan Sèvis nan Lang Ou

Tanpri rele nou nan 1-888-875-5790 pou jwenn sèvis èd gratis nan lang. Règleman pou aksè lengwistik nan Eta New York egzije ajans Egzekitif Eta a ki bay sèvis piblik dirèk yo pou yo ofri sèvis entèpretasyon nan lang yo mande a e pou yo bay dokiman ak fòm ki enpòtan yo nan omwen douz (12) lang prensipal ke yo pale anpil nan Eta New York la, anplis de lang Anglè a. Sa ede Eta a kontoune baryè lengwistik la nan sèvis piblik ak nan pwogram pou moun ki genyen gen Konpetans Limite nan lang Anglè. Douz (12) lang prensipal yo, nan moman an, se: Panyòl, Chinwa, Ris, Yidish, Bengali, Koreyen, Kreyòl Ayisyen, Italyen, Arab, Polonè, Fransè, ak Oudou.

Dwa pou Depoze yon Plent pou Aksè Lengwistik

Si w panse ke nou pat ofri w yon sèvis entèpretasyon ki kòrèk oswa nou te refize w aksè a yon dokiman tradui ki disponib, tanpri ranpli fòmilè plent nou an pou ba nou opinyon w.

Enfòmasyon ou bay nan fòmilè plent sa a pral ede nou amelyore sèvis aksè lengwistik Eta a. Nan fòmilè sa a, yo mande w pou bay enfòmasyon sou kijan yo ka kontakte w nan lide pou nou ka enfòme w sou kisa n ap fè pou n pote solisyon a plent ou an. Tout enfòmasyon pèsonèl ki enkli nan plent ou an ap rete konfidansyèl.

Fòmilè Plent pou Aksè Lengwistik

Si w prefere telechaje, enprime, ranpli epi voye fòmilè plent pou aksè lengwistik la tounen ba nou tanpri klike anba a.

PDF - Fòmilè Plent pou Aksè Lengwistik

Aranjman Rezonab nan Pwogram ak Sèvis Leta - Enfòmasyon pou Pran Kontak

Reprezantan Ajans lan pou Aranjman Rezonab [Designee for Reasonable Accommodations (DRA)] ak Kowòdonatè Lwa Anfavè Ameriken Andikape (Disabilities Act Coordinator) (Kowòdonatè ADA) idantifye anba la a. Moun sa a ap kapab ba ou enfòmasyon ak fòm pou mande aranjman rezonab epitou pou fè doleyans pou refi yo ba ou pou demann aranjman.

DRA ak ADA Koòdonatè a ak enfòmasyon kontak: Carrell Clarke-Europe (cclarkee@nysif.com); (212) 312-0089

Si w ap sèvi avèk yon òdinatè biwo oswa yon laptòp epi ou ta renmen tradui tèks yon sit entènèt nan yon lòt lang, tanpri ale nan paramèt navigatè w la.

Return to Top